Ale nan kontni prensipal la

Kiyès mwen ye?

Chemen yon edikatè, yon sitwayen ak yon kwayan ki angaje pou kominote li.

Christolin Brutus

Anseyan · Teyolojyen · Sèvitè Bondye · Sitwayen angaje

Prezantasyon

Mwen se Christolin BRUTUS, mwen fèt 2 fevriye 1984 nan Dèlma. Pitit defen pastè Anthony BRUTUS ak madan Anthonya BRUTUS, ki te rele Au bourg. Mwen se yon sèvitè Bondye, yon edikatè, yon anseyan ki pasyone pou devlopman moun ak kominote m.

Pakou lekòl ak inivèsite

  1. 1989–2006

    Etid primè ak segondè — Collège Cœur de Jésus

  2. 2011–2013

    Etid nan jounalis miltimedya

  3. 2025

    Lisans an sosyoloji — UNASDI (pwomosyon 2025)

  4. —

    Lisans an teyoloji ak Metriz an Divinite

Eksperyans pwofesyonèl

  1. 2008 –

    Anseyan nan nivo segondè : fransè ak syans sosyal

  2. —

    Direktè lekòl

Angajman nan Legliz

  • Dwayen Fakilte teyoloji biblik Sacerdoce Royale
  • Predikatè Levanjil
  • Konferansye
  • Toujou atache ak ansèyman fanmi kretyen li

Lavi pèsonèl

  • Abite nan komin Kwadèboukè depi 1994 jouk jodi a (Santo)
  • Papa, mari ak sèvitè sosyete a

Vizyon mwen

Mwen kwè nan yon sosyete ki pi bon, ki bati sou valè kretyen, yon edikasyon kalite, yon jenès ki fòme ak yon kominote ki solid. Mwen vle wè komin Kwadèboukè avanse ak reprezantan ki entèg, ki konpetan e ki merite konfyans.

« Sèvi, anseye, akonpaye, bati… se sa ki vokasyon mwen. »

— Christolin BRUTUS